{"id":48283,"date":"2025-08-28T13:00:00","date_gmt":"2025-08-28T17:00:00","guid":{"rendered":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/uncategorized-ht\/aksyon-cintas-ankouraje-sistem-vyolansyon-dwa-travaye-ak-pratik-anti-sendikal-nan-peyi-ayiti\/"},"modified":"2025-12-31T11:03:26","modified_gmt":"2025-12-31T16:03:26","slug":"aksyon-cintas-ankouraje-sistem-vyolansyon-dwa-travaye-ak-pratik-anti-sendikal-nan-peyi-ayiti","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/commentary\/aksyon-cintas-ankouraje-sistem-vyolansyon-dwa-travaye-ak-pratik-anti-sendikal-nan-peyi-ayiti\/","title":{"rendered":"Aksyon Cintas Ankouraje Sist\u00e8m Vyolansyon dwa Travay\u00e8 ak Pratik Anti-Sendikal Nan Peyi Ayiti"},"content":{"rendered":"\n<p><strong><em>Youn nan pi Gwo Konpayi ki f\u00e8 Inif\u00f2m nan Mond pa vle Mande yon Faktori ki ap Travay pou li nan Peyi Ayiti pou Re-anplwaye lid\u00e8 Sendika ke Faktori a revoke Ilegalman<\/em><\/strong><\/p>\n\n<p>Malgre kiriz politik, vyolans gang ki ap ravaje peyi Ayiti, epi ki pr\u00e8ske lakoz efondreman total nan r\u00e8g lalwa peyi a, Ayiti toujou rete yon sant pwodiksyon rad ki enp\u00f2tan pou mache Ameriken. Rezon an se paske Ayiti benefisye de yon preferans dwanye kom\u00e8syal ki nan avantaj konpayi rad travay Ameriken sa yo; epi tou paske Ayiti ki anba miz\u00e8 ekonomik ak politik depi lontan, se youn nan peyi ki gen sal\u00e8 minim\u00f2m ki pi ba pou travay\u00e8 ki koud rad nan emisf\u00e8 oksidantal la. Malgre kriz politik ke Ayiti ap sibi kounye a, gen k\u00e8k mak ak konpayi rad travay Ameriken ki ede travay\u00e8 ki koud rad an Ayiti jwenn jistis si dwa legal yo vyole. Men, malerezman gen k\u00e8k l\u00f2t, tankou Cintas, ki p\u00e8m\u00e8t dwa legal travay\u00e8 rad an Ayiti yo pase anba pye.   <\/p>\n\n<p>Ane ki sot pase a, WRC te rap\u00f2te ke <a href=\"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/commentary\/wrc-secures-five-months-wages-in-unpaid-severance-for-workers-of-former-workwear-factory-in-haiti\/\">2 gwo Konpayi Ameriken, Aramark ak Edwards Garments, te leve kanpe pou te ede travay\u00e8 Ayisyen ki te f\u00e8 rad pou yo<\/a>. Mak sa yo te f\u00e8 yon fason pou asire ke tout ansyen ouvriye faktori, Horizon Manufacturing, ki te konn f\u00e8 rad pou faktori a resevwa kompansasyon legal yo apre faktori a te vin arive f\u00e8men. <\/p>\n\n<p>Sepandan, <strong>Cintas<\/strong>, yon gwo konpayi Ameriken refize pran menm dispozisyon ak l\u00f2t konpayi sa yo pou repare gwo vyolasyon dwa travay\u00e8 nan youn nan faktori ki f\u00e8 rad pou Cintas. Faktori sa se <strong>MBI <\/strong><strong>Haiti<\/strong>. Cintas anpe sou yon desizyon kote li refize mande MBI pou dedomaje ouvriye ke MBI volye dwa travay ak sendikal yo ,malgre ke genyen l\u00f2t gwo Konpayi ak gwo machann rad travay Ameriken tankou, Workwear Outfitters, ki rap\u00f2te ke li koupe relasyon biznis li ak menm ak fakatori MBI sa a. <\/p>\n\n<p><strong><em>Yon Lid\u00e8 Travay\u00e8 ki te Konn Travay pou MBI Haiti, founis\u00e8 Cintas la, te Mete yon Mayo Sendika sou li epi li te f\u00e8 yon Reyinyon Pandan l\u00e8 Rekreyasyon nan faktori a\u2014Apr\u00e8 Reyinyon an, MBI te revoke li menm ansanm ak K\u00f2l\u00e8g li yo ki te patisipe nan Reyinyon.<\/em><\/strong><\/p>\n\n<p><a href=\"https:\/\/workersrights.org\/app\/uploads\/2025\/10\/WRC-Report-on-Labor-Rights-Violations-at-MBI-Haiti_August-28-2025.pdf\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">Vyolasyon <\/a>ke Cintas refize f\u00e8 MBI Haiti korije a gen rap\u00f2 ak yon revokasyon an mas nan ki te f\u00e8t nan faktori MBI la nan ane 2023 kont lid\u00e8 sendikal nan faktori a. Nan mwa ki te Avril 2023, yon jeran nan direksyon faktori MBI la te repwoche ak reprimande yon travay\u00e8 ki se lid\u00e8 sendika GOSTTRA (Gwoupman Sendikal Travay\u00e8 Tekstil pou Reyeksportasyon Asanblaj), paske li te mete yon mayo sendika sou li pou vini travay. Travay\u00e8 a te mete mayo a paske li te gen yon reyinyon sendikal ke li te gen pou patisipe andey\u00f2 faktori a menm jou travay la.  <\/p>\n\n<p>L\u00e8 lid\u00e8 sendika a te retounen travay, li te \u00f2ganize yon reyinyon pandan l\u00e8 poz nan kafeterya faktori a- kote travay\u00e8 yo konn manje ak pran repo. S\u00e8t manm nan komite ekzekitif sendika a ansanm ak l\u00f2t travay\u00e8 te patisipe nan reyinyon sa a. <\/p>\n\n<p>Travay\u00e8 yo rap\u00f2te ke pandan yo tap f\u00e8 reyinyon an, yon sip\u00e8viz\u00e8 lin nan faktori a te kanpe tou pre yo epi filme yo ak telef\u00f2n li. K\u00e8k jou apr\u00e8 reyinyon sa a, MBI Haiti te revoke pif\u00f2 nan moun ki te patisipe nan reyinyon an, pami yo sis nan s\u00e8t manm komite ekzekitif sendika a. <\/p>\n\n<p><strong><em>Faktori bay Pret\u00e8ks ke Revokasyon Travay\u00e8 Sendika yo pat yon Represay Anti-Sendikal. Se Kl\u00e8man yon Manti. Cintas Chwazi Kw\u00e8 MBI Malgre tout Evidans ki prouve Manti MBI yo.<\/em><\/strong><\/p>\n\n<p>L\u00e8 WRC te kontakte epi mande direksyon MBI la poukisa yo te revoke travay\u00e8 sendika sa yo, direksyon ak jeran faktori a te reponn ke se rezon ekonomik faktorti ki te lakoz revokasyon travay\u00e8 ki afilye a sendika a. Direksyon faktori fe konnen ke, akoz yon rediksyon nan k\u00f2mand youn nan kliyan li yo, faktori a te oblije revoke 53 ouvriye\u2014sou yon total anviwon 1,500 ouvriye. <\/p>\n\n<p>WRC te konsilte ak yon estatisyen pwofesyon\u00e8l pou verifye pwobabilite pou yon revokasyon ki afekte mwens pase 4% nan tout ouvriye faktori a (53 sou 1,500) ta ka natir\u00e8lman lak\u00f2z revokasyon 6 sou 7(86%) nan ouvriye ki f\u00e8 pati de komite ekzekitif sendika GOSTTRA andedan faktori a. Estatisyen an te rap\u00f2te ke gen mwens pase 1 chans sou chak 10,000 (0.01%) pou yon revokasyon konsa ta bay yon rezilta konsa san yo pa ta tagete lid\u00e8 sendika yo delibreman. <\/p>\n\n<p>MBI te deklare tou ke jiskaske WRC kontakte Cintas sou revokasyon travay\u00e8 sendika sa yo, direksyon faktori a pat konnen ke okenn nan ouvriye ke li te revoke yo te afilye ak sendika GOSTTRA. Deklarasyon MBI sa a se yon manti fon. WRC te pataje ak Cintas yon l\u00e8t ofisy\u00e8l kote GOSTTRA te ekri faktori a imedyatman apre revokasyon manb sendikal yo, pou te denonse ilegalite revokasyon manm komite ekzekitif sendikal yo. Anplis de sa, WRC te jwenn pr\u00e8v ki prouve ke plizy\u00e8 travay\u00e8 faktori a te afilye yo piblikman ak sendika GOSTTRA nan MBI depi 2017.   <\/p>\n\n<p>Finalman, WRC te jwenn nan envitigasyon li yo ke se pat premye fwa ke direksyon faktori MBI la te eseye revoke menm lid\u00e8 sendika GOSTTRA sa a ki te \u00f2ganize reyinyon pandan l\u00e8 poz nan kafeterya faktori a. Nou jwenn nan dokiman ke nou revize ke nan ane 2020 ke direksyon faktori MBI la te antre nan negosiyasyon ak sendika GOSTTRA akoz de yon premye tantativ ilegal ke MBI te f\u00e8 pou te revoke menm lid\u00e8 sendika sa a. <\/p>\n\n<p>Donk akoz de tout evidans sa yo epi pr\u00e8v estatistik sou dosye sa a, revokasyon manb sendika sa yo pa reprezante l\u00f2t bagay ke yon zak represay anti-sendikal pa faktori MBI la. Malerezman epi algre evidans sa yo, Cintas chwazi kw\u00e8 nan v\u00e8syon narativ fiksyon ki plen manti ke MBI bali yo. <\/p>\n\n<p>Nan moman vyolasyon dwa travay\u00e8 sendika sa yo te f\u00e8t la, MBI Haiti te tou yon founis\u00e8 pou yon l\u00f2t gwo konpayi inif\u00f2m Ameriken ki rele Workwear Outfitters. Konpayi sa a f\u00e8k rap\u00f2te li pa achte ank\u00f2 nan men MBI. <\/p>\n\n<p><strong><em>Cintas Refize Mande Faktori a pou Retounen Lid\u00e8 Sendika sa yo nan p\u00f2s Travay yo.<\/em><\/strong><\/p>\n\n<p>WRC te pataje rezilta envestigason li yo ak Cintas, ki se kliyan prensipal MBI, epi nou te mande Cintas pou li te f\u00f2se MBI re-anplwaye ouvriye ak peye ouvriye tout sal\u00e8 ke yo p\u00e8di pou tan ke yo f\u00e8 chita lakay yo a. Malgre anpil ef\u00f2 WRC f\u00e8, Cintas refize mande faktori a pou respekte <a href=\"https:\/\/www.cintas.com\/docs\/default-source\/esg\/code-of-conduct\/fy23_cintas_codeofconduct_booklet_eng.pdf?sfvrsn=e8b32281_3\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">K\u00f2d Kondwit<\/a> lalwa peyi Ayiti li epi korije vyolasyon kl\u00e8 sa yo. <\/p>\n\n<p>Refi Cintas pou f\u00f2se MBI re-anplwaye ouvriye ak lid\u00e8 sendikal GOSTTRA yo se yon gwo enkyetid, paske MBI te deja gen yon l\u00f2t dosye sou li ki montre ke li gen yon abitid revoke lid\u00e8 sendika ilegalman. K\u00f2m egzanp, WRC te rantre an kominikasyon ak Cintas sou yon l\u00f2t dosye revokasyon kote MBI te revoke plizy\u00e8 lid\u00e8 sendika ilegalman. Cintas te mande faktori a peye sal\u00e8 yo ak re-anplwaye travay\u00e8 sa yo.  <\/p>\n\n<p>Kons\u00e8nan dosye nou sot mansyone a, 6 lid\u00e8 yon l\u00f2t sendika ke yo rele SOTA-BO (Sendika Travay\u00e8 Tekstil ak Abiman), te revoke ilegalman nan mwa Avril 2023 nan MBI, menm mwa ke MBI te revoke lid\u00e8 sendika GOSTTRA yo. Apre envestigasyon WRC ak l\u00f2t \u00f2ganizasyon dwa travay an Ayiti te mennen sou dosye sa a, MBI Haiti te deside re-anplwaye ouvriye ak lid\u00e8 sendika SOTA-BO sa yo. Men MBI te vle peye youvriye ak lid\u00e8 sendika SOTA-BO sa yo s\u00e8lman yon pati nan sal\u00e8 ke li te sipoze peye yo. <\/p>\n\n<p>L\u00e8 WRC mande Cintas pou f\u00f2se MBI Haiti peye r\u00e8s sal\u00e8 a, MBI te finalman dak\u00f2 pou peye 6 lid\u00e8 sendika SOTA-BO yo sal\u00e8 MBI te dwe yo- sa te egal a plis pase yon ane sal\u00e8 pou chak ouvriye yo. Travay\u00e8 ki afilye ak SOTA-BO yo te resevwa lajan yo nan mwa ki te Novanm 2024, anviwon yon ane edmi apre yo MBI te revoke yo ilegaman. <\/p>\n\n<p><strong><em>Apre 2 zan edmi Depi MBI te Revoke yo Ilegalman, Lid\u00e8 Sendika GOSTRRA nan Founis\u00e8 Cintas ki se MBI Haiti, ap Tann Jistis<\/em><\/strong><\/p>\n\n<p>Malgre lid\u00e8 sendika SOTA-BO yo ki te revoke ilegalman pa MBI te finalman jwenn reprann travay yo ak jwenn sal\u00e8 ke MBI te dwe yo, malerezman lid\u00e8 sendika GOSTTRA yo poko jwenn okenn reparasyon. Travay\u00e8 sa yo te revoke ilegalman depi pr\u00e8ske 2 zan edmi. Desizyon Cintas pran pou li pa f\u00f2se MBI korije aksyon reprezay ki volye dwa imen ak travay ouvriye sa yo montre ke Cintas kom yon gwo mak inif\u00f2m Ozetazini pa vle angaje seryezman ak ouvriye kap travay pou li yo pou f\u00e8 ke faktori founis\u00e8l yo respekte dwa moun nan mond lan ak travay\u00e8 Ayisyen ki travay pou Cintas.  <\/p>\n\n<p class=\"has-text-align-right has-small-font-size\">Photo credit: Marcel Crozet \/ ILO<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Youn nan pi Gwo Konpayi ki f\u00e8 Inif\u00f2m nan Mond pa vle Mande yon Faktori ki ap Travay pou li nan Peyi Ayiti pou Re-anplwaye lid\u00e8 Sendika ke Faktori a revoke Ilegalman Malgre kiriz politik, vyolans gang ki ap ravaje peyi Ayiti, epi ki pr\u00e8ske lakoz efondreman total nan r\u00e8g lalwa peyi a, Ayiti toujou [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":5,"featured_media":48284,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"_acf_changed":false,"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"categories":[5202],"tags":[5173],"ad_language":[],"ad_countries":[5174],"ad_key_buyer":[4557,4910],"class_list":["post-48283","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-commentary","tag-freedom-of-association-violations-ht","ad_countries-haiti","ad_key_buyer-cintas","ad_key_buyer-workwear-outfitters"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/48283","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/5"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=48283"}],"version-history":[{"count":3,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/48283\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":49020,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/posts\/48283\/revisions\/49020"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media\/48284"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=48283"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/categories?post=48283"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=48283"},{"taxonomy":"ad_language","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_language?post=48283"},{"taxonomy":"ad_countries","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_countries?post=48283"},{"taxonomy":"ad_key_buyer","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_key_buyer?post=48283"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}