{"id":23206,"date":"2022-06-27T16:18:05","date_gmt":"2022-06-27T20:18:05","guid":{"rendered":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/konsenan-wrc\/"},"modified":"2025-11-24T07:17:14","modified_gmt":"2025-11-24T12:17:14","slug":"konsenan-wrc","status":"publish","type":"page","link":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/konsenan-wrc\/","title":{"rendered":"Kons\u00e8nan WRC"},"content":{"rendered":"<div style=\"background-image:url('\/app\/uploads\/2025\/10\/denim-bg-scaled-1.jpg');background-size:cover;\" class=\"wp-block-group alignfull is-layout-constrained wp-block-group-is-layout-constrained text-center has-background is-style-denim-bg \">\n\t\t<h1 class=\"wp-block-heading has-text-align-center text-pink  uppercase wp-elements-6b30d384f7dd346c2e5a9560c1ed9c4f\">Kons\u00e8nan WRC<\/h1>\n\t<div class=\"no-p-bottom text-base text-white  !pb-0 max-w-xl\"><\/div>\n\t<\/div>\n\n\n<div class=\"wp-block-group is-layout-constrained wp-block-group-is-layout-constrained\">\n<p>Worker Rights Consortium (WRC) se yon \u00f2ganizasyon endepandan ki siveye ak envestige dwa travay\u00e8 ki travay nan faktori ki f\u00e8 rad nan mond lan. Objektif nou se pou dokimante ak konbat move kondisyon travay nan faktori yo; idantifye ak ekspoze move pratik, abi dwa travay\u00e8 pa gwo mak ki f\u00e8 rad yo ak machann detayan oubyen magazen ki vann rad yo ap p\u00e8petye nan faktori rad yo. Finalman nou pran mezi pou pwoteje dwa travay\u00e8 ki f\u00e8 rad yo ak l\u00f2t pwodwi nan faktori sa yo.<\/p>\n\n\n\n<p>WRC mennen envestigasyon ki endepandan de faktori yo epi ki santre sou dwa imen travay\u00e8 yo; nou pibliye rap\u00f2 piblik sou faktori ki pwodwi pou gwo mak rad nan mond lan; epi ede travay\u00e8 nan faktori sa yo nan yon fason pou yo ka mete fen nan vyolasyon dwa travay\u00e8 nan faktori sa yo.WRC gen envestigat\u00e8 nan douz peyi nan mond epi travay an patenarya ak plizy\u00e8 sant\u00e8n \u00f2ganizasyon sosyete sivil nan Sid\u00e8s Azi, Azi de L\u00e8s, Azi di Sid, Amerik Latin, Karayib la, epi an Afrik.<\/p>\n\n\n\n<p>Mey\u00e8 kondisyon travay ak bon sal\u00e8 pou travay\u00e8 faktori rad nan mond lan mande pou gen yon chanjman sistemik ki f\u00e8t nan ch\u00e8n pwodiksyon faktori ki f\u00e8 rad yo. Se yon chanjman ke gwo mak ki f\u00e8 rad yo ak magazen ki achte ak vann rad yo pap janm pran konsyans pou f\u00e8 volot\u00e8man. Se pou t\u00e8t sa, anplis de travay enspeksyon ke WRC f\u00e8 nan faktori yo, WRC devlope strateji pou aknouraje mak ki f\u00e8 rad yo ak magazen ki achte ak vann rad yo pou siyen ak\u00f2 obligatwa ki kapab amelore kondisyon travay nan faktori rad yo. Nou jwenn nou nan yon kondisyon ekonomik global kounye a kote ranf\u00f2sman dwa tavay\u00e8 yo pa respekte, epi kote pwogram volont\u00e8 ke gwo mak yo etabli- &#8220;responsabilite sosyal antrepriz&#8221;- pou konbat vyolasyon dwa travay\u00e8 yo toujou echwe pou pwoteje travay\u00e8 yo. Nan fason sa a ak\u00f2 endepandan tankou-Ak\u00f2 Ent\u00e8nasyonal pou Sante ak Sekirite nan Endistri Twal ak Rad-ke WRC te ede kreye epi mete an aplikasyon se yon mekanis ki montre kapabilite pou jenere pwogr\u00e8 ki konkr\u00e8 nan defann dwa travay\u00e8 faktori rad yo.<\/p>\n\n\n\n<p>WRC te fonde nan ane 2000 an asosiyasyon av\u00e8k plizy\u00e8 eksp\u00e8 ent\u00e8nasyonal dwa travay, el\u00e8v Iniv\u00e8site, ak dirijan iniv\u00e8site yo. WRC ede iniv\u00e8site yo f\u00e8 respekte ak ransf\u00f2se ak\u00f2 obligatwa ke faktori, ak gwo mak rad yo te adopte ak siyen, kote yo te pwom\u00e8t ke tout pwodwi rad ak l\u00f2t machandiz ki gen logo iniv\u00e8site yo dwe pwodwi nan yon kondisyon ki respekte dwa imen a estanda ent\u00e8nasyonal dwa travay\u00e8 faktori ki pwodwi ekipman sa yo. WRC gen plizye inev\u00e8site nan peyi Kanada avek Etazini ki fe pati de ak\u00f2 sa a. WRC travay tou ak antite gouv\u00e8nmantal, gen ladan yo gouv\u00e8nman minisipal ak fon pansyon\u00e8 ki ap ch\u00e8che yon fason pou f\u00e8 respekte estanda dwa moun nan tout mond lan.<\/p>\n<\/div>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Worker Rights Consortium (WRC) se yon \u00f2ganizasyon endepandan ki siveye ak envestige dwa travay\u00e8 ki travay nan faktori ki f\u00e8 rad nan mond lan. Objektif nou se pou dokimante ak konbat move kondisyon travay nan faktori yo; idantifye ak ekspoze move pratik, abi dwa travay\u00e8 pa gwo mak ki f\u00e8 rad yo ak machann detayan [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"author":34,"featured_media":0,"parent":0,"menu_order":0,"comment_status":"open","ping_status":"open","template":"","meta":{"_acf_changed":false,"give_campaign_id":0,"footnotes":""},"class_list":["post-23206","page","type-page","status-publish","hentry"],"acf":[],"campaignId":"0","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/23206","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages"}],"about":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/page"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/users\/34"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/comments?post=23206"}],"version-history":[{"count":1,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/23206\/revisions"}],"predecessor-version":[{"id":23757,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/pages\/23206\/revisions\/23757"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=23206"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}