{"id":48478,"date":"2024-01-24T17:48:41","date_gmt":"2024-01-24T22:48:41","guid":{"rendered":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/our-work\/factory-investigations\/premium-apparel\/"},"modified":"2025-12-31T16:32:17","modified_gmt":"2025-12-31T21:32:17","slug":"premium-apparel","status":"publish","type":"factoryinvestigation","link":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/our-work\/factory-investigations\/premium-apparel\/","title":{"rendered":"Premium Apparel"},"content":{"rendered":"\n<h3 class=\"wp-block-heading\">2023<\/h3>\n\n<p>Nan mwa ki te Novanm 2023, Premium Apparel te f\u00e8men p\u00f2t li epi li pat peye travay\u00e8 li yo indemnit\u00e9 ak l\u00f2t benefis t\u00e8minal ke yo ta sipoze peye yo selon lalwa peyi Ayiti. Acht\u00e8 prensipal nan faktori a ki se te Gildan (ki achte rad ki pa make pou lisansye iniv\u00e8site ke yo rele New Agenda), san p\u00e8di tan, te pran angajman pou peye konpl\u00e8tman indemnit\u00e9 ak l\u00f2t benfis ke Premium Apparel te dwe travay\u00e8 yo. Nou te distribye kontribisyon Gildan nan ki te apepr\u00e8 $700,000 bay travay\u00e8 yo nan mwa Janvye 2024.  <\/p>\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\">2021<\/h3>\n\n<p>WRC te mennen yon envestigasyon pou nou te jwenn yon solisyon ki jis kons\u00e8nan revokasyon ilegal pr\u00e8ske 50 travay\u00e8 ki te f\u00e8t nan faktori Premium Apparel. Revokasyon sa yo te enklide pr\u00e8ske tout lid\u00e8 sendika ak aktivis ki tap travay nan faktori a. Revokasyon yo te f\u00e8t an Jiy\u00e8 2020 apr\u00e8 yon pwotestasyon san vyolans pa travaye yo pou te revandike kont desizyon Pemium Apparel te pran pou revoke k\u00e8k travay\u00e8 ke Premium Apparel te rele nan yo ofis pou ke yo travay k\u00f2m salerye jounen.  <br\/><br\/>WRC te rantre an komikasyon ak acht\u00e8 prensipal faktori a ki se Gildan Activewear-ki f\u00e8 rad kol\u00e8j ak Iniv\u00e8site pou lisansye \u201cNew Agenda ak Top of the World\u201d (apre vyolasyon sa yo te rive, lisansye ke yo Fanatics, Inc te achte li 2 lisansye nou f\u00e8k site yo).<\/p>\n\n<p>Dapr\u00e8 k\u00f2d kondwit ke iniv\u00e8site yo siyen ak lisansye yo, epi dapr\u00e8 n\u00f2m travay ent\u00e8nasyonal yo nenp\u00f2t travay\u00e8 ke yo revoke pou aktivite asosyasyon sivik gen dwa pou mande reyenstalman yo nan travay yo ak mande pou yo peye yo sal\u00e8 pou diran tout tan ke yo te sibi revokasyon an. Sepandan, nan mwa Jen 2021, travay\u00e8 ke faktori a te revoke yo te di WRC ke, ak\u00f2z anpil tan ki te pase depi revokasyon an yo deside pou pa retounen travay nan faktori a ank\u00f2, men yo te toujou vle pou faktori a konpanse yo jan la lwa dil paske yo te revoke yo ilegalman.  <br\/><br\/>Travay\u00e8 yo te revoke yo ak lid\u00e8 sendika yo te rankontre ak manadj\u00e8 Premium Apparel epi tout moun te siyen yon pwotok\u00f2l dak\u00f2 pou peye 47 travay\u00e8 ki te revoke yo. Peman sa yo te ekivalan ak apepr\u00e8 8 mwa sal\u00e8 pou chak travay\u00e8 sa yo. WRC te det\u00e8mine ke kantite lajan ke faktori a te peye travay\u00e8 yo pat ase. Paske travay\u00e8 yo te deside pat retounen nan travay faktori a non s\u00e8lman Premium Apparel te dwe peye travay\u00e8 yo pou tan yo te chita revoke a, men dwe peye yo tou lajan peman indemnite akoz de revokasyon ilegal la.  <br\/><br\/>Akoz de angajman WRC te pran ak Gildan, Premium Apparel te vin dak\u00f2 peye travay\u00e8 yo yon peman adisyon\u00e8l ke li te dwe peye yo pou te rezoud vyolasyon lib\u00e8te asosyasyon travay\u00e8 yo nan<br\/>faktori a. Faktori Premium Apparel te pran angajman pou f\u00e8 peman sa yo, ki te ekivalan a pr\u00e8ske ak13 mwa sal\u00e8 pou chak anplwaye, nan dat ki te 30 Out 2021. <\/p>\n\n<h3 class=\"wp-block-heading\"><strong>2017<\/strong><\/h3>\n\n<p>Depi ane 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak \u00d2ganizasyon Ent\u00e8nasyonal Travay genyen an Ayiti yo rap\u00f2te plizy\u00e8 ka de vyolasyon ke faktori rad yo f\u00e8 kons\u00e8nan de sal\u00e8 minim\u00f2m legal ke yo dwe peye trvay\u00e8 yo. Yon rap\u00f2 Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa kons\u00e8nan sal\u00e8 minimum legal ke yo dwe peye travay\u00e8 yo. Nan yon nouvo rap\u00f2 ke WRC te f\u00e8, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal sal\u00e8 minim\u00f2m nan faktori rad sa yo f\u00e8 sou travay\u00e8 yo ak fanmi yo ki f\u00e8 pati de moun ki pi p\u00f2v nan mond lan. Faktori yo v\u00f2l\u00e8 pou t\u00e8t pa yo plis pase mwatye sal\u00e8 legal ke travay\u00e8 yo ta dwe touche pou chak pery\u00f2d peman. Rap\u00f2 WRC a te ankouraje lisansye yo ak l\u00f2t konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap f\u00e8 rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo k\u00f2manse peye travay\u00e8 yo sal\u00e8 minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travay\u00e8 yo epi pou yo peye travay\u00e8 yo sal\u00e8 konpl\u00e8 pou tout tan ke yo vyole lwa kons\u00e8 nan sal\u00e8 minim\u00f2m nan. Jan nou f\u00e8k demontre a, lisansye yo ak l\u00f2t konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travay\u00e8 yo ki genyen pou w\u00e8 ak sale minim\u00f2m yo. Malgre sa, epidemi v\u00f2l sal\u00e8 sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aks\u00e8 a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizy\u00e8 ane san okenn nan acht\u00e8 yo te pran mezi pout e rezoud pwobl\u00e8m sa yo . Akoz de rap\u00f2 ke WRC te pibliye a acht\u00e8 prensipal an Ayiti yo ki se Premium Apparel, Gildan Activewear te pran angajman pou te f\u00e8 ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konf\u00f2me yo ak lwa kons\u00e8nan de sal\u00e8 minim\u00f2m nan peyi a. Anplis de sa, Gildan Activewear te pran aganjman pou negosye dir\u00e8kteman ak reprezantan travay\u00e8 yo an Ayiti pou te peye travay\u00e8 yo tout lajan ke faktori rad yo te v\u00f2l\u00e8 pandan tout diran tan yo te f\u00e8 ap travay yo.<\/p>\n\n<p><strong>Aprann Plis<\/strong><\/p>\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li><a href=\"\/communications-to-affiliates\/gildan-pays-700000-to-cover-collegiate-suppliers-arrears-to-workers\/\" target=\"_blank\" rel=\"noreferrer noopener\">Gildan Pays $700,000 to Cover Collegiate Supplier\u2019s Arrears to Workers<\/a> \u2013 January 24, 2024<\/li>\n\n\n\n<li><a href=\"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/app\/uploads\/2021\/08\/WRC-Report-on-Premium-Apparel-Haiti-August-24-2021.pdf\" target=\"_blank\" rel=\"noreferrer noopener\">WRC Factory Report: Premium Apparel (Haiti)<\/a> \u2013 August 24, 2021<\/li>\n\n\n\n<li><a href=\"\/communications-to-affiliates\/remediation-at-premium-apparel-haiti\/\" target=\"_blank\" rel=\"noreferrer noopener\">Remediation at Premium Apparel (Haiti)<\/a> \u2013 January 25, 2017<\/li>\n\n\n\n<li><a rel=\"noreferrer noopener\" href=\"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/app\/uploads\/2016\/02\/WRC-Haiti-Minimum-Wage-Report-10-15-13-4.pdf\" target=\"_blank\">Stealing from the Poor: Wage Theft in the Haitian Apparel Industry<\/a> \u2013 October 15, 2013 <\/li>\n<\/ul>\n\n<p><strong>In the News:<\/strong><\/p>\n\n<ul class=\"wp-block-list\">\n<li><a rel=\"noreferrer noopener\" href=\"http:\/\/www.thestar.com\/news\/world\/2013\/11\/18\/gildan_vows_minimum_wage_for_haitian_garment_workers.html\" target=\"_blank\">\u201cGildan vows minimum wage for Haitian Garment Workers,\u201d The Toronto Star<\/a> \u2013 November 18, 2013<\/li>\n\n\n\n<li><a rel=\"noreferrer noopener\" href=\"http:\/\/www.nytimes.com\/2013\/10\/16\/world\/americas\/group-says-haitian-garment-workers-are-shortchanged-on-pay.html?_r=1\" target=\"_blank\">\u201cGroup Says Haitian Garment Workers Are Shortchanged on Pay,\u201d The New York Times<\/a> \u2013 October 15, 2013<\/li>\n<\/ul>\n\n<p><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Nan mwa ki te Novanm 2023, Premium Apparel te f\u00e8men p\u00f2t li epi li pat peye travay\u00e8 li yo indemnit\u00e9 ak l\u00f2t benefis t\u00e8minal ke yo ta sipoze peye yo selon lalwa peyi Ayiti. Acht\u00e8 prensipal nan faktori a ki se te Gildan (ki achte rad ki pa make pou lisansye iniv\u00e8site ke yo rele New Agenda), san p\u00e8di tan, te pran angajman pou peye konpl\u00e8tman indemnit\u00e9 ak l\u00f2t benfis ke Premium Apparel te dwe travay\u00e8 yo. Nou te distribye kontribisyon Gildan nan ki te apepr\u00e8 $700,000 bay travay\u00e8 yo nan mwa Janvye 2024.  <\/p>\n","protected":false},"featured_media":0,"template":"","tags":[5266,5173,5200],"ad_language":[],"ad_countries":[5174],"ad_key_buyer":[4580,4594,4588],"class_list":["post-48478","factoryinvestigation","type-factoryinvestigation","status-publish","hentry","tag-abuse-and-harassment","tag-freedom-of-association-violations-ht","tag-wage-theft","ad_countries-haiti","ad_key_buyer-gildan","ad_key_buyer-new-agenda","ad_key_buyer-top-of-the-world"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/factoryinvestigation\/48478","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/factoryinvestigation"}],"about":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/factoryinvestigation"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=48478"}],"wp:term":[{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=48478"},{"taxonomy":"ad_language","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_language?post=48478"},{"taxonomy":"ad_countries","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_countries?post=48478"},{"taxonomy":"ad_key_buyer","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_key_buyer?post=48478"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}