{"id":25115,"date":"2025-10-28T05:43:00","date_gmt":"2025-10-28T09:43:00","guid":{"rendered":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/universities\/communications\/2-5-milyon-peman-revokasyon-pou-travaye-ki-pwodwi-rad-pou-inivesite-nan-peyi-ayiti2-5-million-in-back-pay-for-collegiate-apparel-workers-in-haiti\/"},"modified":"2025-12-18T17:55:08","modified_gmt":"2025-12-18T22:55:08","slug":"2-5-milyon-peman-revokasyon-pou-travaye-ki-pwodwi-rad-pou-inivesite-nan-peyi-ayiti2-5-million-in-back-pay-for-collegiate-apparel-workers-in-haiti","status":"publish","type":"affiliatecomms","link":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/universities\/communications\/2-5-milyon-peman-revokasyon-pou-travaye-ki-pwodwi-rad-pou-inivesite-nan-peyi-ayiti2-5-million-in-back-pay-for-collegiate-apparel-workers-in-haiti\/","title":{"rendered":"$2.5 Milyon peman revokasyon pou Travay\u00e8 ki pwodwi Rad pou Iniv\u00e8site nan peyi Ayiti$2.5 Million in Back Pay for Collegiate Apparel Workers in Haiti"},"content":{"rendered":"\n<table class=\"table\"><tbody><tr><td>Pou: <\/td><td>Iniv\u00e8site ak Kol\u00e8j li ak WRC<\/td><\/tr><tr><td>De:<\/td> <td>Tara Mathur ak Ben Hensler<\/td><\/tr><tr><td>Dat:<\/td> <td>28 Okt\u00f2b, 2025<\/td><\/tr><tr><td>Sij\u00e8:<\/td> <td>$2.5 Milyon peman revokasyon pou Travay\u00e8 ki pwodwi Rad pou Iniv\u00e8site nan peyi Ayiti<\/td><\/tr><\/tbody><\/table>\n\n<p>Gildan Activewear, yon gwo founis\u00e8 rad ki vann rad ak konpayi lisansye iniv\u00e8site nan Amerik di N\u00f2 yo pran bon angajman, anv\u00e8 WRC, pou aisre yon peman revokasyon de $2.5 milyon dola ameriken nan fen mwa novanm sa a ak travay\u00e8 de(2) faktori ki te konn pwodwi rad pou lisansye iniv\u00e8site yo.<br\/> <br\/>De(2) faktori sa yo ki se Palm Apparel ak SISA te deside pou yo pat peye plis pase 2,500 travay\u00e8 l\u00e8 yo te f\u00e8men p\u00f2t yo nan mwa Jen 2025 ki sot pase a. De(2)faktori sa yo endir\u00e8kteman pwodwi rad pou yon lisansye iniv\u00e8sit\u00e8 ke yo rele New Agenda. New Agenda achete rad nan men Gildan ki soti nan de (2) faktori sa yo.  <br\/> <br\/>Nan dat ki te sis(6) Jen 2025 pwopriyet\u00e8 de(2)faktori sa yo ki se, Palm Apparel Group te anonse a travay\u00e8 li yo ke li tap f\u00e8men de(2) faktori ki pwodwi rad pou li yo. Pwopriyet\u00e8 faktori yo te di travay\u00e8 yo ke li pa tap, epi tou pat kapab, peye yo peman revokasyon legal jan lalwa peyi Ayiti mande pou sa f\u00e8t. Etandone ke faktori a te pwodwi rad pou afilye lisansye iniv\u00e8site yo, li te yon egzijans tou, anba ak\u00f2 ak regleman detant\u00e8 lisans iniv\u00e8site yo, pou ke Palm Apparel Group peye travay\u00e8 yo peman revokasyon legal yo k\u00f2m sa dwa. Apre WRC te pran nouv\u00e8l de siyasyon sa a, WRC te antre an kominaksyon ak Gildan, ki te s\u00e8l acht\u00e8 nan de(2) faktori yo. Nan kominakasyon sa yo Gildan te angajel pou asire peman revokasyon a tout travay\u00e8 2(de) faktori rad Palm Apparel Group ki f\u00e8men yo.   <br\/> <br\/>Finalman Gildan te dak\u00f2 pou f\u00e8 yon kontribisyon de $2.5 milyon dola ameriken a travay\u00e8 de (2) faktori yo. Kontrbisyon sa a egal a yon peman mway\u00e8n de s\u00e8t mwa edmi sal\u00e8 pou chak travay\u00e8. Kontribisyon Gildan nan gen pou kouvri tout peman revokasyon travay\u00e8 nan de(2) faktori dwe anba lalwa peyi Ayiti . Anpplis de sa, kontribisyon ap kouvri yon don imanit\u00e8 adisyon\u00e8l de apepr\u00e8 $500, 000 dola ameriken pou travay\u00e8 yo, pou ka adrese reta de sis(6) mwa avan ke travay\u00e8 yo resevwa peman revokasyon legal la. Distribisyon peman don imanit\u00e8 Gildan nan te f\u00e8t nan mwa Out 2025. Gildan angajel pou li asire ke $2 milyon dola peman revokasyon legal la distribye bay tout anplwaye yo nan pou pita, 20 Novanm sa a.  <br\/> <br\/>De(2) faktori rad Palm Apparel Group ki femen p\u00f2t yo a te chita nan kapital peyi Ayiti , ki se P\u00f2toprens, ki depi k\u00e8k tan ap sibi gwo vyolans ak zak krimin\u00e8l gang ame. Sitiyasyon an difisil anpil pou travay\u00e8 rad yo ak pou pwopriyet\u00e8 faktori yo. <a href=\"https:\/\/www.npr.org\/2025\/07\/03\/nx-s1-5455540\/haiti-gangs-capital-port-au-prince-violence\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">Selon rap\u00f2 nouv\u00e8l<\/a>, gang ame yo pr\u00e8ske pran kontw\u00f2l tou katye nan kapital la. Kondisyon ensekirite sa yo rann li tr\u00e8 difisil pou faktori rad yo kontinye fonksyone an Ayiti pandan senk (5) d\u00e8nye ane sa yo. WRC te menm tou dokimante ke plizy\u00e8 ka f\u00e8mti faktori an Ayiti te lakoz pa kriz politik ak ensekirite nan peyi Ayiti.  <br\/> <br\/>Malgre gwo defi ensekirite ak poltik ke peyi Ayiti ap sibi, nan angajman ke WRC pran av\u00e8k acht\u00e8 rad yo, tankou Gildan nan peyi Ayiti, nan d\u00e8nye ane sa yo nou te rive jwenn peman revokasyon ki pr\u00e8ske egal a $6 milyon dola ameriken pou pr\u00e8ske 8,000 travay\u00e8 rad an Ayiti. Chif sa yo ekivalan a sis(6) mwa sal\u00e8 pou chak travay\u00e8. Sa a se lajan travay\u00e8 sa yo pa tap janm resevwa si founis\u00e8 ki gen lisans iniv\u00e8sit\u00e8 yo ak l\u00f2t acht\u00e8 ent\u00e8nasyonal ki achte rad ki soti Ayiti pat pran mezi pou asire peman lajan a travay\u00e8 rad yo, l\u00e8 pwopriyet\u00e8 faktori yo pat vle pran responsabilite pou peye peman legal sa yo. <br\/> <br\/>Sitiyasyon travay\u00e8 rad an Ayiti yo vin pi grav, ke jan li te ye, nan moman sa a akoz ekspirasyon, nan mwa Septanm ki sot pase a, Ak\u00f2 Kom\u00e8syal Ameriken te genyen ak Ayiti ki te rele HOPE\/HELP (Haitian Hemispheric Opportunity through Partnership Encouragement and the Haiti Economic Lift Program Act). Ak\u00f2 Kom\u00e8syal sa a te bay Ayiti privil\u00e8j dwanye kote leta Ameriken pat pran okenn taks sou eksp\u00f2tasyon rad ak twal pou mache ameriken an ki soti an Ayiti. <a href=\"https:\/\/sourcingjournal.com\/topics\/labor\/haiti-hope-help-trade-preferences-fashion-brands-workers-1234782251\/\" target=\"_blank\" rel=\"noopener\">\u00d2ganizasyon travay\u00e8 ayisyen yo prevwa<\/a> ke si pa gen okenn aksyon pou renouvle lwa HOPE\/HELP sa a, li pral pote plis dega ekonomik pou peyi a ak pou p\u00e8p la. <br\/> <br\/>Fas ak gwo kriz grav ensekrite ak politik ki ap frape endistri rad Ayiti a epi travay\u00e8 li yo, WRC rekon\u00e8t bon angajman ke Gildan pran pou asire reparasyon vyolasyon grav ke faktori founis\u00e8 li yo ap f\u00e8. Volonte Gildan pran pou peye travay\u00e8 rad yo l\u00e8 founis\u00e8 li yo pa kapab oswa refize peye peman revokasyon yo gen yon enpak pozitif enp\u00f2tan sou lavi travay\u00e8 yo ak fanmi yo. Angajman sa yo tou obeyi tout prensip WRC te etabli pandan de(2) d\u00e8nye diz\u00e8n ane yo pou egzije mak ent\u00e8nasyonal yo asire ke travay\u00e8 yo\u2014enkli sa yo ki f\u00e8 rad iniv\u00e8site\u2014resevwa tout konpansasyon legal yo l\u00e8 faktori yo f\u00e8men.  <\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>Pou: Iniv\u00e8site ak Kol\u00e8j li ak WRC De: Tara Mathur ak Ben Hensler Dat: 28 Okt\u00f2b, 2025 Sij\u00e8: $2.5 Milyon peman revokasyon pou Travay\u00e8 ki pwodwi Rad pou Iniv\u00e8site nan peyi Ayiti Gildan Activewear, yon gwo founis\u00e8 rad ki vann rad ak konpayi lisansye iniv\u00e8site nan Amerik di N\u00f2 yo pran bon angajman, anv\u00e8 WRC, [&hellip;]<\/p>\n","protected":false},"featured_media":0,"template":"","tags":[5200],"ad_language":[],"ad_countries":[5174],"ad_key_buyer":[5158,5176],"class_list":["post-25115","affiliatecomms","type-affiliatecomms","status-publish","hentry","tag-wage-theft","ad_countries-haiti","ad_key_buyer-gidian","ad_key_buyer-new-agenda-am"],"acf":[],"_links":{"self":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/affiliatecomms\/25115","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/affiliatecomms"}],"about":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/types\/affiliatecomms"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/media?parent=25115"}],"wp:term":[{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/tags?post=25115"},{"taxonomy":"ad_language","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_language?post=25115"},{"taxonomy":"ad_countries","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_countries?post=25115"},{"taxonomy":"ad_key_buyer","embeddable":true,"href":"https:\/\/wrc.goodbear.co.uk\/ht\/wp-json\/wp\/v2\/ad_key_buyer?post=25115"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}