$2.5 Milyon peman revokasyon pou Travayè ki pwodwi Rad pou Inivèsite nan peyi Ayiti$2.5 Million in Back Pay for Collegiate Apparel Workers in Haiti
| Pou: | Inivèsite ak Kolèj li ak WRC |
| De: | Tara Mathur ak Ben Hensler |
| Dat: | 28 Oktòb, 2025 |
| Sijè: | $2.5 Milyon peman revokasyon pou Travayè ki pwodwi Rad pou Inivèsite nan peyi Ayiti |
Gildan Activewear, yon gwo founisè rad ki vann rad ak konpayi lisansye inivèsite nan Amerik di Nò yo pran bon angajman, anvè WRC, pou aisre yon peman revokasyon de $2.5 milyon dola ameriken nan fen mwa novanm sa a ak travayè de(2) faktori ki te konn pwodwi rad pou lisansye inivèsite yo.
De(2) faktori sa yo ki se Palm Apparel ak SISA te deside pou yo pat peye plis pase 2,500 travayè lè yo te fèmen pòt yo nan mwa Jen 2025 ki sot pase a. De(2)faktori sa yo endirèkteman pwodwi rad pou yon lisansye inivèsitè ke yo rele New Agenda. New Agenda achete rad nan men Gildan ki soti nan de (2) faktori sa yo.
Nan dat ki te sis(6) Jen 2025 pwopriyetè de(2)faktori sa yo ki se, Palm Apparel Group te anonse a travayè li yo ke li tap fèmen de(2) faktori ki pwodwi rad pou li yo. Pwopriyetè faktori yo te di travayè yo ke li pa tap, epi tou pat kapab, peye yo peman revokasyon legal jan lalwa peyi Ayiti mande pou sa fèt. Etandone ke faktori a te pwodwi rad pou afilye lisansye inivèsite yo, li te yon egzijans tou, anba akò ak regleman detantè lisans inivèsite yo, pou ke Palm Apparel Group peye travayè yo peman revokasyon legal yo kòm sa dwa. Apre WRC te pran nouvèl de siyasyon sa a, WRC te antre an kominaksyon ak Gildan, ki te sèl achtè nan de(2) faktori yo. Nan kominakasyon sa yo Gildan te angajel pou asire peman revokasyon a tout travayè 2(de) faktori rad Palm Apparel Group ki fèmen yo.
Finalman Gildan te dakò pou fè yon kontribisyon de $2.5 milyon dola ameriken a travayè de (2) faktori yo. Kontrbisyon sa a egal a yon peman mwayèn de sèt mwa edmi salè pou chak travayè. Kontribisyon Gildan nan gen pou kouvri tout peman revokasyon travayè nan de(2) faktori dwe anba lalwa peyi Ayiti . Anpplis de sa, kontribisyon ap kouvri yon don imanitè adisyonèl de apeprè $500, 000 dola ameriken pou travayè yo, pou ka adrese reta de sis(6) mwa avan ke travayè yo resevwa peman revokasyon legal la. Distribisyon peman don imanitè Gildan nan te fèt nan mwa Out 2025. Gildan angajel pou li asire ke $2 milyon dola peman revokasyon legal la distribye bay tout anplwaye yo nan pou pita, 20 Novanm sa a.
De(2) faktori rad Palm Apparel Group ki femen pòt yo a te chita nan kapital peyi Ayiti , ki se Pòtoprens, ki depi kèk tan ap sibi gwo vyolans ak zak kriminèl gang ame. Sitiyasyon an difisil anpil pou travayè rad yo ak pou pwopriyetè faktori yo. Selon rapò nouvèl, gang ame yo prèske pran kontwòl tou katye nan kapital la. Kondisyon ensekirite sa yo rann li trè difisil pou faktori rad yo kontinye fonksyone an Ayiti pandan senk (5) dènye ane sa yo. WRC te menm tou dokimante ke plizyè ka fèmti faktori an Ayiti te lakoz pa kriz politik ak ensekirite nan peyi Ayiti.
Malgre gwo defi ensekirite ak poltik ke peyi Ayiti ap sibi, nan angajman ke WRC pran avèk achtè rad yo, tankou Gildan nan peyi Ayiti, nan dènye ane sa yo nou te rive jwenn peman revokasyon ki prèske egal a $6 milyon dola ameriken pou prèske 8,000 travayè rad an Ayiti. Chif sa yo ekivalan a sis(6) mwa salè pou chak travayè. Sa a se lajan travayè sa yo pa tap janm resevwa si founisè ki gen lisans inivèsitè yo ak lòt achtè entènasyonal ki achte rad ki soti Ayiti pat pran mezi pou asire peman lajan a travayè rad yo, lè pwopriyetè faktori yo pat vle pran responsabilite pou peye peman legal sa yo.
Sitiyasyon travayè rad an Ayiti yo vin pi grav, ke jan li te ye, nan moman sa a akoz ekspirasyon, nan mwa Septanm ki sot pase a, Akò Komèsyal Ameriken te genyen ak Ayiti ki te rele HOPE/HELP (Haitian Hemispheric Opportunity through Partnership Encouragement and the Haiti Economic Lift Program Act). Akò Komèsyal sa a te bay Ayiti privilèj dwanye kote leta Ameriken pat pran okenn taks sou ekspòtasyon rad ak twal pou mache ameriken an ki soti an Ayiti. Òganizasyon travayè ayisyen yo prevwa ke si pa gen okenn aksyon pou renouvle lwa HOPE/HELP sa a, li pral pote plis dega ekonomik pou peyi a ak pou pèp la.
Fas ak gwo kriz grav ensekrite ak politik ki ap frape endistri rad Ayiti a epi travayè li yo, WRC rekonèt bon angajman ke Gildan pran pou asire reparasyon vyolasyon grav ke faktori founisè li yo ap fè. Volonte Gildan pran pou peye travayè rad yo lè founisè li yo pa kapab oswa refize peye peman revokasyon yo gen yon enpak pozitif enpòtan sou lavi travayè yo ak fanmi yo. Angajman sa yo tou obeyi tout prensip WRC te etabli pandan de(2) dènye dizèn ane yo pou egzije mak entènasyonal yo asire ke travayè yo—enkli sa yo ki fè rad inivèsite—resevwa tout konpansasyon legal yo lè faktori yo fèmen.
Join our newsletter
Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.