Vald’or

Key Buyers: PVH
Country: Haiti
Last updated: 2023

Vald’or yon faktori ki fè rad ki sityel nan vil Pòtoprens an Ayiti te deside fèmen pòt li nan mwa ki te Janvye 2022. Faktori sa ki soti nan peyi Ozetazini te deside poul pat peye plis pase 1,100 travayè lajan ke li ta sipoze peye yo selon lalwa Peyi Ayiti nan moman ke faktori a te femen pot li a. Vald’or tou pat peye lòt lajan ke li te dwe peye kèk ajans gouvènmantal; tankou kòb pansyon ak asirans sante ke li dedwi nan chèck travayè yo men yo te deside pat janm voye kòb sa yo bay ajans sa yo.

WRC te antre an kontak ak achtè nan yon faktori ke yo rele PVH konsènan vyolasyon sa yo, epi PVH te dakò poul te fè yon kontribisyon imanitè de $968,000 pou te ka distribye bay travayè yo kòm konpansasyon pou kòb ke faktori a te dwe peye kòm indemnité le faktori te fèmen pòt li yo, epi tou ranbouse ajans gouvènmenetal yo pou kontribisyon sante ak pansyon ke faktori a te vòlè pou yo a. Distribisyon sa yo te fèt a travayè yo nan mwa ki te Janvye 2023.

Aprann Plis

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.