One World Apparel

Key Buyers: G & K, Strategic Partners, Superior, Walmart
Country: Haiti
Last updated: 2013

Depi ane 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsènan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan salè minimum legal ke yo dwe peye travayè yo. Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travayè yo ta dwe touche pou chak peryòd peman.

Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo
ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo. Akoz de rapò ke WRC te pibliye a kek achtè kle an Ayiti tankou Gildan Activewear ak Fruit of the loom te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo lwa konsènan de salè minimum pey, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Men gen yon faktori ke yo rele One World Apparel ki pa vle rantre an konplayans ak mezi de jistès konsènan de peman salè minimòm sa yo.

Aprann Plis

In the News:

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.