Multiwear

Key Buyers: Fruit of the Loom, Gear for Sports, Hanesbrands, Knights Apparel, Russell
Country: Haiti
Last updated: 2016

Multiwear yon faktori rad ki sityel nan vil Pòtoprens Ayiti te deside fèmen pòt li nan dat ki te 15 Mas 2016. Nan dat ke Multiwear te fèmen pòt li a, li te gen anviron 2000 travayè ki te reprezante pa 3 endepandan sendika. Pandan fèmti faktori a, WRC te antre an kontak ak manadjè faktori epi achtè prensipal nan faktori a, ki se HanesBrands, pou asire ke dwa legal travayè yo te respekte epi tou pou fe ke faktori a angaje nan bon dyalòg ak reprezantan travayè yo pou yo te ka byen negosye kondisyon fèmti faktori a. Akoz de angajman sa yo, faktori a te dakò pou peye travayè yo indemnité ki te plis pase kantite lajan ke lalwa egzije an Ayiti, epi faktori te bay travayè yo opòtinite pou yo kontinye travay nan yon nouvo izin ke pwopriyetè Multiwear Richard Coles te fèk ouvè an Ayiti.

Avan ke Multiwear te fèmen pòt li WRC te pran pozisyon pou rete angaje ak Multiwear epi achtè prensipal nan faktori a konsènan obligasyon pou yo peye travayè yo sale minimòm ke lalwa peyi Ayiti mande pou yo peye yo. WRC te pran angajman sa a aprè ke nou te pibilye yon rapò ki te demontre vyolasyon andemik pa plizyè faktori an Ayiti, kote yo pat peye salè minimòm ke lalwa peyi Ayiti mande pou yo peye a travayè yo. WRC te jwenn siksè lè li te mande HanesBrands pou li fè ke founisèl yo oubyen faktori ki travay pou li yo peye travayè yo salè minimom ke lalwa Ayiti mande pou li peye travayè yo. Akoz de angajman sa a Multiwear te deside ogmante salè li yo, faktori a te vin konfòme yo ak salè minimòm peyi Ayiti, epi nou, WRC, te negosye yon akò
an 2014 ki te dikte kondisyon pou peye travayè yo sale minimòm yo, epi egzije peman apeprè $4,200 nan salè ke faktori a te dwe peye travayè yo le li pat konn peye yo salè minimòm yo.

Aprann Plis

WRC Memo re Multiwear – October 6, 2016

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.