Mazava Hispaniola

Key Buyers: Fruit of the Loom, Gorilla Marketing, SanMar
Country: Haiti
Last updated: 2023

Nan yon ankèt ke WRC te mennen an Ayiti, nou te jwenn ke te genyen kèk ka de vyolasyon ak arasman seksyèl kont omwen 2 travayè fanm epi revanj kont 2 travayè sa yo paske yo te reziste abi sa yo. Volasyon sa yo te fèt nan yon faktori rad an Ayiti ke yo Mazava Hispaniola. Mèt faktori a sa se yon konpayi ke yo rele Winds Group, ki bazel nan Hong Kong.

Ankèt WRC a te jwenn ke yon manadjè nan faktoria te komèt aksyon ilegela ki baze sou sèks. Manadjè a te fè pwopozisyon seksyèl a 2 travayè fanm sa yo; fè kòmantè seksyèl degradan nan travay avèk yo; epi menase travayè yo, epi menm arive revoke yo paske yo te rejte avansman seksyèl manadjè yo. WRC te antre an kontak ak faktori a konsènan de vyolayasyon sa yo epi li te kominike ak faktori a ke yo dwe repran travayè yo nan travay la, peye yo salè konplè pou tan ke yo te pase revoke yo, epi pran mezi pou asire pwoteksyon travayè yo kont vyolans ak abi ki baze sou sèks.

Pandan peryòd ke WRC a te antre an kominikasyon ak faktori a epi achtè yo pou te rive rezoud vyolasyon sa yo, Mazava Hispaniola te anonse ke li tap sispann tout operasyonl yo an Ayiti. Faktori a te fèmen pòt li konplètman pandan mwa Oktòb 2023. Tout travayè ki tap travay nan faktori a nan moman fèmti faktori a te resevwa tout benefis tèminal ke yo ta dwe resevwa daprè lalwa.

Lè faktori te fèmen pòt li a WRC te pwopoze rekòmandasyon pou ke achetè rad nan faktori kontribye pou peye travayè yo benefis legal yo. Achtè prensipal nan faktori a ki se SanMar Corporation te refize konfòme a rekòmandasyon sa yo. Youn nan lisansye inivèsite yo ke yo rele Gorilla Marketing, ki pat menm gen okenn asosiyasyon ak Mazava Hispaniola te dakò pou yo te fè yon kontribisyon imanitè a chak nan 2 travayè yo pou rezoud dosye a. Nou te transfere kontribisyon sa yo bay travayè yo nan mwa ki te Novanm 2023.

Aprann Plis

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.