Genesis, S.A.

Key Buyers: Ad Resources, Cotton Gallery, Gildan
Country: Haiti
Last updated: 2013

Nan mwa Desanm 2011 ak Janvye 2012, 4 lidè sendika ki te revoke ilegalman pa faktori Genesis, S.A. te rejwenn travay yo anko akoz ke achtè presipal nan faktori a ki rele Gildan Activwear te mande pou repran travayè yo nan travay yo. Nan dat ki te 16 Septanm 2011, yon nouvo sendika ke yo rele “Sendika Ouvriye Takstil ak Abiman” (SOTA) te kreye ak resevwa otorizasyon pou reprezante travayè nan endistri rad ak twal ann Ayiti. Yo te anonse piblikman, plan pou fè yon kanpay pou pi bon salè ak kondisyon travay pou travayè rad an Ayiti.Travayè nan faktori rad an Ayiti se youn nan endistri kote travayè rad resevwa youn nan salè ki pi ba nan mond lan, epi fè fas ak kèk kondisyon travay ki pi di an konparezon de lòt endistri rad nan mond lan. Apreprè de semèn, aprè kreyasyon SOTA 3 faktori te revoke 6 nan 7 lidè nouvo sendika sa a, epi fè presyon sou yo pou yo demisyone. 4 nan lidè sendika sa yo te revoke nan yon faktori ke yo rele Genesis S.A. Reprezay faktori sa yo kont travayè yo pou tèt aktivite sendikal yo se yon vyolasyon estanda entènasyonal konsènan dwa travayè, epi li se yon vyolason kòd kondwit inivèsite yo ak lwa peyi Ayiti.

Yon rapo envestigasyon pa WRC te jwenn ke revokasyon se te reprezay kont aktivite sendikal pa faktori a. Yon lot rapo envestigasyon pa Better Work Haiti ke OIL/IFC te sponsorize te jwenn menm konklizyon. Akoz de rapo sa yo, Gildan ak Hanes te mande faktori a pou repran travaye yo.Anplis de sa, envestigasyon WRC a te dokimante vyolasyon ki te genyen pou we ak sale minimom nan faktori Gensis, S.A. Depi an 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsenan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan de salè minimum legal ke yo dwe peye travaye yo.

Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo

Akoz de rapò ke WRC te pibliye a achtè prensipal nan faktori Genesis S.A ke yo rele Gildan Activewear te pran angajman pou te fè ke tout faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo ak lwa konsènan de salè minimum peyi a, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Anplis de sa, Gildan Activewear te pran aganjman pou negosye dirèkteman ak reprezantan travayè yo ann Ayiti pou te peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo.

Aprann Plis

In the News:

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.