Fairway Apparel

Key Buyers: Champro
Country: Haiti
Last updated: 2025

Fairway Apparel, yon faktori ki sitiyel nan vil Pòtoprens, nan peyi Ayiti, te fèmen operasyon li nan mwa Out 2024 ki sot pase a. Nan moman fèmti a, faktori te peye apeprè mwatye nan lajan endamnite ke lalwa peyi Ayiti egzije ke li dwe peye a 500 ouvriye ki te afekte pa fèmti faktori a. Malgre sa, Fairway Apparel te vyole lalwa travay nan peyi Ayiti paske li pa t peye dezyèm tranch lajan endamnite a ki te yon montan de $155,000 Ameriken. Nan angajman ke WRC te pran ak Champro, ki se kliyan presipnal Fairway Apparel, epi ansanm ak lisansye ki idantifye Champro kòm yon founisè rad inivèsite, Champro te dakò pou peye rès lajan endamnite ke Fairway Apparel te dwe a ouvriye yo. Champro te kontribye $155,000 pou asire vyolasyon an te korije. Lajan endamnite sa yo te distribye a ouvriye yo nan mwa Septanm ak Desanm 2025.

Moun ki te gen lisans WRC te kontakte yo dapre divilgasyon yo sou adrès antrepriz Champro Ozetazini an se te BSN Sports (Varsity Brands), CE Competitive Edge, Club Colors, Garment Graphics, J & W Interests, Les & Bobs Sports & Apparel, Mr. Snappy Sports, SigmaWear, Sporting U, Sports Locker, ak Topline Design.

Aprann Plis

Share this post

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.