Caracol Industrial Park
Depi an 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsenan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan de salè minimum legal ke yo dwe peye travaye yo.
Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo, ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travaye yo ta dwe touche pou chak peryòd peman. Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti sa yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande peyi Ayiti mande pou peye travaye yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsenan salè minimum nan.
Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak salè minimum yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo , fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo.
Akoz de rapò ke WRC te pibliye plizyè achtè kle an Ayiti tankou Gildan Activewear ak Fruit of the loom te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo lwa konsènan de salè minimum pey, epi peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo. Men achtè yo ki nan pak indistriyel ki nan Caracol an Ayiti pa vle rantre an konplayans ak mezi de jistès konsènan de peman salè minimòm sa yo.
Aprann Plis
- Stealing from the Poor: Wage Theft in the Haitian Apparel Industry – October 15, 2013
In the News:
- “Fruit Of The Loom Statement In Response To Report Regarding Haiti Minimum Wage Issues” – November 18, 2013
- “Gildan vows minimum wage for Haitian Garment Workers,” The Toronto Star – November 18, 2013
- “Group Says Haitian Garment Workers Are Shortchanged on Pay,” The New York Times – October 15, 2013
Join our newsletter
Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.