Youn nan pi Gwo Konpayi ki fè Inifòm nan Mond pa vle Mande yon Faktori ki ap Travay pou li nan Peyi Ayiti pou Re-anplwaye lidè Sendika ke Faktori a revoke Ilegalman
Malgre kiriz politik, vyolans gang ki ap ravaje peyi Ayiti, epi ki prèske lakoz efondreman total nan règ lalwa peyi a, Ayiti toujou rete yon sant pwodiksyon rad ki enpòtan pou mache Ameriken. Rezon an se paske Ayiti benefisye de yon preferans dwanye komèsyal ki nan avantaj konpayi rad travay Ameriken sa yo; epi tou paske Ayiti ki anba mizè ekonomik ak politik depi lontan, se youn nan peyi ki gen salè minimòm ki pi ba pou travayè ki koud rad nan emisfè oksidantal la. Malgre kriz politik ke Ayiti ap sibi kounye a, gen kèk mak ak konpayi rad travay Ameriken ki ede travayè ki koud rad an Ayiti jwenn jistis si dwa legal yo vyole. Men, malerezman gen kèk lòt, tankou Cintas, ki pèmèt dwa legal travayè rad an Ayiti yo pase anba pye.
Ane ki sot pase a, WRC te rapòte ke 2 gwo Konpayi Ameriken, Aramark ak Edwards Garments, te leve kanpe pou te ede travayè Ayisyen ki te fè rad pou yo. Mak sa yo te fè yon fason pou asire ke tout ansyen ouvriye faktori, Horizon Manufacturing, ki te konn fè rad pou faktori a resevwa kompansasyon legal yo apre faktori a te vin arive fèmen.
Sepandan, Cintas, yon gwo konpayi Ameriken refize pran menm dispozisyon ak lòt konpayi sa yo pou repare gwo vyolasyon dwa travayè nan youn nan faktori ki fè rad pou Cintas. Faktori sa se MBI Haiti. Cintas anpe sou yon desizyon kote li refize mande MBI pou dedomaje ouvriye ke MBI volye dwa travay ak sendikal yo ,malgre ke genyen lòt gwo Konpayi ak gwo machann rad travay Ameriken tankou, Workwear Outfitters, ki rapòte ke li koupe relasyon biznis li ak menm ak fakatori MBI sa a.
Yon Lidè Travayè ki te Konn Travay pou MBI Haiti, founisè Cintas la, te Mete yon Mayo Sendika sou li epi li te fè yon Reyinyon Pandan lè Rekreyasyon nan faktori a—Aprè Reyinyon an, MBI te revoke li menm ansanm ak Kòlèg li yo ki te patisipe nan Reyinyon.
Vyolasyon ke Cintas refize fè MBI Haiti korije a gen rapò ak yon revokasyon an mas nan ki te fèt nan faktori MBI la nan ane 2023 kont lidè sendikal nan faktori a. Nan mwa ki te Avril 2023, yon jeran nan direksyon faktori MBI la te repwoche ak reprimande yon travayè ki se lidè sendika GOSTTRA (Gwoupman Sendikal Travayè Tekstil pou Reyeksportasyon Asanblaj), paske li te mete yon mayo sendika sou li pou vini travay. Travayè a te mete mayo a paske li te gen yon reyinyon sendikal ke li te gen pou patisipe andeyò faktori a menm jou travay la.
Lè lidè sendika a te retounen travay, li te òganize yon reyinyon pandan lè poz nan kafeterya faktori a- kote travayè yo konn manje ak pran repo. Sèt manm nan komite ekzekitif sendika a ansanm ak lòt travayè te patisipe nan reyinyon sa a.
Travayè yo rapòte ke pandan yo tap fè reyinyon an, yon sipèvizè lin nan faktori a te kanpe tou pre yo epi filme yo ak telefòn li. Kèk jou aprè reyinyon sa a, MBI Haiti te revoke pifò nan moun ki te patisipe nan reyinyon an, pami yo sis nan sèt manm komite ekzekitif sendika a.
Faktori bay Pretèks ke Revokasyon Travayè Sendika yo pat yon Represay Anti-Sendikal. Se Klèman yon Manti. Cintas Chwazi Kwè MBI Malgre tout Evidans ki prouve Manti MBI yo.
Lè WRC te kontakte epi mande direksyon MBI la poukisa yo te revoke travayè sendika sa yo, direksyon ak jeran faktori a te reponn ke se rezon ekonomik faktorti ki te lakoz revokasyon travayè ki afilye a sendika a. Direksyon faktori fe konnen ke, akoz yon rediksyon nan kòmand youn nan kliyan li yo, faktori a te oblije revoke 53 ouvriye—sou yon total anviwon 1,500 ouvriye.
WRC te konsilte ak yon estatisyen pwofesyonèl pou verifye pwobabilite pou yon revokasyon ki afekte mwens pase 4% nan tout ouvriye faktori a (53 sou 1,500) ta ka natirèlman lakòz revokasyon 6 sou 7(86%) nan ouvriye ki fè pati de komite ekzekitif sendika GOSTTRA andedan faktori a. Estatisyen an te rapòte ke gen mwens pase 1 chans sou chak 10,000 (0.01%) pou yon revokasyon konsa ta bay yon rezilta konsa san yo pa ta tagete lidè sendika yo delibreman.
MBI te deklare tou ke jiskaske WRC kontakte Cintas sou revokasyon travayè sendika sa yo, direksyon faktori a pat konnen ke okenn nan ouvriye ke li te revoke yo te afilye ak sendika GOSTTRA. Deklarasyon MBI sa a se yon manti fon. WRC te pataje ak Cintas yon lèt ofisyèl kote GOSTTRA te ekri faktori a imedyatman apre revokasyon manb sendikal yo, pou te denonse ilegalite revokasyon manm komite ekzekitif sendikal yo. Anplis de sa, WRC te jwenn prèv ki prouve ke plizyè travayè faktori a te afilye yo piblikman ak sendika GOSTTRA nan MBI depi 2017.
Finalman, WRC te jwenn nan envitigasyon li yo ke se pat premye fwa ke direksyon faktori MBI la te eseye revoke menm lidè sendika GOSTTRA sa a ki te òganize reyinyon pandan lè poz nan kafeterya faktori a. Nou jwenn nan dokiman ke nou revize ke nan ane 2020 ke direksyon faktori MBI la te antre nan negosiyasyon ak sendika GOSTTRA akoz de yon premye tantativ ilegal ke MBI te fè pou te revoke menm lidè sendika sa a.
Donk akoz de tout evidans sa yo epi prèv estatistik sou dosye sa a, revokasyon manb sendika sa yo pa reprezante lòt bagay ke yon zak represay anti-sendikal pa faktori MBI la. Malerezman epi algre evidans sa yo, Cintas chwazi kwè nan vèsyon narativ fiksyon ki plen manti ke MBI bali yo.
Nan moman vyolasyon dwa travayè sendika sa yo te fèt la, MBI Haiti te tou yon founisè pou yon lòt gwo konpayi inifòm Ameriken ki rele Workwear Outfitters. Konpayi sa a fèk rapòte li pa achte ankò nan men MBI.
Cintas Refize Mande Faktori a pou Retounen Lidè Sendika sa yo nan pòs Travay yo.
WRC te pataje rezilta envestigason li yo ak Cintas, ki se kliyan prensipal MBI, epi nou te mande Cintas pou li te fòse MBI re-anplwaye ouvriye ak peye ouvriye tout salè ke yo pèdi pou tan ke yo fè chita lakay yo a. Malgre anpil efò WRC fè, Cintas refize mande faktori a pou respekte Kòd Kondwit lalwa peyi Ayiti li epi korije vyolasyon klè sa yo.
Refi Cintas pou fòse MBI re-anplwaye ouvriye ak lidè sendikal GOSTTRA yo se yon gwo enkyetid, paske MBI te deja gen yon lòt dosye sou li ki montre ke li gen yon abitid revoke lidè sendika ilegalman. Kòm egzanp, WRC te rantre an kominikasyon ak Cintas sou yon lòt dosye revokasyon kote MBI te revoke plizyè lidè sendika ilegalman. Cintas te mande faktori a peye salè yo ak re-anplwaye travayè sa yo.
Konsènan dosye nou sot mansyone a, 6 lidè yon lòt sendika ke yo rele SOTA-BO (Sendika Travayè Tekstil ak Abiman), te revoke ilegalman nan mwa Avril 2023 nan MBI, menm mwa ke MBI te revoke lidè sendika GOSTTRA yo. Apre envestigasyon WRC ak lòt òganizasyon dwa travay an Ayiti te mennen sou dosye sa a, MBI Haiti te deside re-anplwaye ouvriye ak lidè sendika SOTA-BO sa yo. Men MBI te vle peye youvriye ak lidè sendika SOTA-BO sa yo sèlman yon pati nan salè ke li te sipoze peye yo.
Lè WRC mande Cintas pou fòse MBI Haiti peye rès salè a, MBI te finalman dakò pou peye 6 lidè sendika SOTA-BO yo salè MBI te dwe yo- sa te egal a plis pase yon ane salè pou chak ouvriye yo. Travayè ki afilye ak SOTA-BO yo te resevwa lajan yo nan mwa ki te Novanm 2024, anviwon yon ane edmi apre yo MBI te revoke yo ilegaman.
Apre 2 zan edmi Depi MBI te Revoke yo Ilegalman, Lidè Sendika GOSTRRA nan Founisè Cintas ki se MBI Haiti, ap Tann Jistis
Malgre lidè sendika SOTA-BO yo ki te revoke ilegalman pa MBI te finalman jwenn reprann travay yo ak jwenn salè ke MBI te dwe yo, malerezman lidè sendika GOSTTRA yo poko jwenn okenn reparasyon. Travayè sa yo te revoke ilegalman depi prèske 2 zan edmi. Desizyon Cintas pran pou li pa fòse MBI korije aksyon reprezay ki volye dwa imen ak travay ouvriye sa yo montre ke Cintas kom yon gwo mak inifòm Ozetazini pa vle angaje seryezman ak ouvriye kap travay pou li yo pou fè ke faktori founisèl yo respekte dwa moun nan mond lan ak travayè Ayisyen ki travay pou Cintas.
Photo credit: Marcel Crozet / ILO
Join our newsletter
Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.