Premium Apparel

Key Buyers: Gildan, New Agenda, Top of the World
Country: Haiti
Last updated: 2024

2023

Nan mwa ki te Novanm 2023, Premium Apparel te fèmen pòt li epi li pat peye travayè li yo indemnité ak lòt benefis tèminal ke yo ta sipoze peye yo selon lalwa peyi Ayiti. Achtè prensipal nan faktori a ki se te Gildan (ki achte rad ki pa make pou lisansye inivèsite ke yo rele New Agenda), san pèdi tan, te pran angajman pou peye konplètman indemnité ak lòt benfis ke Premium Apparel te dwe travayè yo. Nou te distribye kontribisyon Gildan nan ki te apeprè $700,000 bay travayè yo nan mwa Janvye 2024.

2021

WRC te mennen yon envestigasyon pou nou te jwenn yon solisyon ki jis konsènan revokasyon ilegal prèske 50 travayè ki te fèt nan faktori Premium Apparel. Revokasyon sa yo te enklide prèske tout lidè sendika ak aktivis ki tap travay nan faktori a. Revokasyon yo te fèt an Jiyè 2020 aprè yon pwotestasyon san vyolans pa travaye yo pou te revandike kont desizyon Pemium Apparel te pran pou revoke kèk travayè ke Premium Apparel te rele nan yo ofis pou ke yo travay kòm salerye jounen.

WRC te rantre an komikasyon ak achtè prensipal faktori a ki se Gildan Activewear-ki fè rad kolèj ak Inivèsite pou lisansye “New Agenda ak Top of the World” (apre vyolasyon sa yo te rive, lisansye ke yo Fanatics, Inc te achte li 2 lisansye nou fèk site yo).

Daprè kòd kondwit ke inivèsite yo siyen ak lisansye yo, epi daprè nòm travay entènasyonal yo nenpòt travayè ke yo revoke pou aktivite asosyasyon sivik gen dwa pou mande reyenstalman yo nan travay yo ak mande pou yo peye yo salè pou diran tout tan ke yo te sibi revokasyon an. Sepandan, nan mwa Jen 2021, travayè ke faktori a te revoke yo te di WRC ke, akòz anpil tan ki te pase depi revokasyon an yo deside pou pa retounen travay nan faktori a ankò, men yo te toujou vle pou faktori a konpanse yo jan la lwa dil paske yo te revoke yo ilegalman.

Travayè yo te revoke yo ak lidè sendika yo te rankontre ak manadjè Premium Apparel epi tout moun te siyen yon pwotokòl dakò pou peye 47 travayè ki te revoke yo. Peman sa yo te ekivalan ak apeprè 8 mwa salè pou chak travayè sa yo. WRC te detèmine ke kantite lajan ke faktori a te peye travayè yo pat ase. Paske travayè yo te deside pat retounen nan travay faktori a non sèlman Premium Apparel te dwe peye travayè yo pou tan yo te chita revoke a, men dwe peye yo tou lajan peman indemnite akoz de revokasyon ilegal la.

Akoz de angajman WRC te pran ak Gildan, Premium Apparel te vin dakò peye travayè yo yon peman adisyonèl ke li te dwe peye yo pou te rezoud vyolasyon libète asosyasyon travayè yo nan
faktori a. Faktori Premium Apparel te pran angajman pou fè peman sa yo, ki te ekivalan a prèske ak13 mwa salè pou chak anplwaye, nan dat ki te 30 Out 2021.

2017

Depi ane 2011 pwogram envestigastyon ke Better Work Haiti ak Òganizasyon Entènasyonal Travay genyen an Ayiti yo rapòte plizyè ka de vyolasyon ke faktori rad yo fè konsènan de salè minimòm legal ke yo dwe peye trvayè yo. Yon rapò Better Work Haiti te pibliye nan mwa Avril 2013 te endike ke tout faktori ki pwodwi rad nan peyi a te vyole lalwa konsènan salè minimum legal ke yo dwe peye travayè yo. Nan yon nouvo rapò ke WRC te fè, nou te detaye, pou premye fwa, enpak ke volasyon ilegal salè minimòm nan faktori rad sa yo fè sou travayè yo ak fanmi yo ki fè pati de moun ki pi pòv nan mond lan. Faktori yo vòlè pou tèt pa yo plis pase mwatye salè legal ke travayè yo ta dwe touche pou chak peryòd peman. Rapò WRC a te ankouraje lisansye yo ak lòt konpayi rad Etazani ak Kanada ki ap fè rad an Ayiti yo pou yo imedyatman mande faktori rad an Ayiti yo pou yo kòmanse peye travayè yo salè minimum ke lalwa peyi Ayiti mande pou peye travayè yo epi pou yo peye travayè yo salè konplè pou tout tan ke yo vyole lwa konsè nan salè minimòm nan. Jan nou fèk demontre a, lisansye yo ak lòt konpayi ki achete rad nan faktori ki soti ann Ayiti yo te konnen de vyolasyon dwa travayè yo ki genyen pou wè ak sale minimòm yo. Malgre sa, epidemi vòl salè sa yo ki afekte travaye yo, fanmi yo epi redwi posibilite pou yo jwenn aksè a manje, kay ak swen medikal, te tojou kontinye pandan plizyè ane san okenn nan achtè yo te pran mezi pout e rezoud pwoblèm sa yo . Akoz de rapò ke WRC te pibliye a achtè prensipal an Ayiti yo ki se Premium Apparel, Gildan Activewear te pran angajman pou te fè ke faktori rad ki pwodwi rad pou yo an Ayiti te konfòme yo ak lwa konsènan de salè minimòm nan peyi a. Anplis de sa, Gildan Activewear te pran aganjman pou negosye dirèkteman ak reprezantan travayè yo an Ayiti pou te peye travayè yo tout lajan ke faktori rad yo te vòlè pandan tout diran tan yo te fè ap travay yo.

Aprann Plis

In the News:

Join our newsletter

Sign up to the WRC’s mailing list to stay updated on our work.